iBet uBet web content aggregator. Adding the entire web to your favor.
iBet uBet web content aggregator. Adding the entire web to your favor.



Link to original content: https://ht.wikipedia.org/wiki/Bakteri_vajenosis
Bakteri vajenosis — Wikipedya Aller au contenu

Bakteri vajenosis

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib


Bakteri vajenosis (BV) se yon enfeksyon vajen ki komen lakay fanm ki gen laj pou yo fè pitit. BV pa yon maladi ki ka transmèt nan rapò seksyèl. Yo poko dekouvri kisa ki lakòz BV konplètman men yo konnen ke li toujou kòmanse avèk yon bakteri k’ap devlope de yon bakteri nòmal ki nan vajen an. Nòmalman vajen genyen "bon" bakteri, e mwens "move" bakteri. BV ka devlope lè genyen yon chanjman nan anviwonman vajen an ki ka koze ogmantasyon move bakteri yo. Anpil fanm genyen BV san yo pa wè okenn sentòm. Gen lòt faktè ki ka ògmante chans pou yon fanm gen BV tankou: klima cho, move sante, move ijyèn, itilizasyon yon esterilè (IUD) pou pa fè pitit, woutin lavaj vajen an. Gen lòt risk tou pou BV ògmante tankou dyabèt, menopòz, sèks ak plizyè patnè oubyen yon sistèm iminitè fèb. BV kapab ògmante risk pou enfekte avèk VIH si ou pran kontak. [1]

Siy ak Sentòm

[modifye | modifye kòd]

Mwatye fanm avèk BV nòmalman pa geyen okenn sentòm. Anpil fanm genyen yon ekoulman ki gen sant pwason nan vajen yo. Ekoulman sa kapab lejè oubyen anpil e koulè li kapab blanch oubyen gri pal. E ou kapab remake sant sa aprè sèks oubyen avèk règ. Anpil fanm gen doulè, gratèl, ti boule anndan vajen an.

Sentòm nan fanm enkli:

  • Move odè nan vajen
  • ‘Sant pwason” fò trè komen, espesyalman aprè sèks
  • Ou ka jwen pèt vajinal ki san-flèm, blanch oswa gri
  • Li boule w pandan w ap pipi
  • Gratèl tout otou deyò vajen an

Transmisyon

[modifye | modifye kòd]

Enfeksyon BV transmèt pa sèks vajinal, nan dèyè, oswa kontak sèks ak bouch.

Konplikasyon/Konsekans yo

[modifye | modifye kòd]

Si enfeksyon an rete san trete sa ka lakòz :

  • Ou vin pli siseptib pou trape lòt Maladi ki Seksyèlman Transmisib (MST) yo, tankou klamidya ak gonore.
  • Ogmantasyon risk pou fanm trape VIH pa kontak sèks ant fanm ak gason.
  • Ogmantasyon chans pou yon fanm ki enfekte ak VIH pou pase li bay patnè sèks li an.
  • Ogmantasyon risk pou fanm trape Maladi Enflamatwa nan Matris, PID, aprè ou finn fè yon operasyon tankou isterèktomi oswa avòtman.
  • Tibebe an fèt ak yon pwa ki ba
  • Enfeksyon entra-amnyotik (Nan pòch dlo ki otou bebe padan ou ansent)
  • Koryoamnyomitis (enfeksyon plasanta an)
  • Endometritis Aprè akouchman

Dyagnostik

[modifye | modifye kòd]

Doktè oubyen enfimyè praktisyen yo pra’l fè yon egzamen fizikal ak egzamen pelvis. Yo pr’al egzamine yon ti echantiyon de ekoulman w anba yon mikwoskòp. Yo pral fè yon tès plataz ("culture test" an anglè) pou yo ka detèmine si Gonore ak Klamidya pa kòz ekoulman an.

Antibyotik ke yo itilize pou trète BV se Flagyl ke ou ka pran pa bouch oubyen avèk krèm vajen. Sepandan, pami trètman an jeneral yo majorite fèt avèk siksè men gen 15 % nan fanm yo ki genyen sentòm yo ankò nan lespas yon mwa. Lè ou geyen sentòm yo anko yon dezyèm dòz antibyotik trètman nesesè. Geyen lòt okazyon, bakteri yo ka antre nan matris oubyen nan tib e ka koze anpil pwoblèm. Trètman de bakteri vajenosis diminye risk. Trètman yo trè enpotan sitou pou fanm ansent paske BV ka lakòz akouchman avan tèm ou byen avòtman envolontè.

Tretman dwe enkli :

  • Antibyotik (plis komen se Metronidazol oswa Klindamisin) ke doktè preskri w
  • Tretman apwopriye pou patnè an
  • Re-enfeksyon posib aprè tretman

Prevansyon

[modifye | modifye kòd]
  • Itilize kapòt (kondom) tout tan, epi korèkteman nan yon fason apwopriye lè w ap fè sèks nan vajen, nan dèyè, oswa sèks nan bouch
  • Evite kontak seksyèl avèk yon Patnè jiskaske tretman finn konplete

Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon

[modifye | modifye kòd]
  • Sispann kontak seksyèl si siy yo oswa sentòm yo retounen
  • Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte
  • Pran tout preskripsyon medikaman yo menm si ou pa santi sentòm [2]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Kopi achiv ». Archived from the original on 2010-12-20. Retrieved 2010-06-05. 
  2. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2007-02-21. Retrieved 2009-09-12.